Apre w fin planifye operasyon w lan, w ap gen pou fè yon Tès Avan admisyon (PAT). PAT a asire ou nan meyè eta sante ki posib la avan operasyon an oswa yon entèvansyon. Sa ka vle di ou ka bezwen fè tès oswa evalyasyon adisyonèl.

Ekip PAT la wè tou avèk chirijyen w lan ak anestezis ou a pou yo wè si w deja gen kèk pwoblèm sante ki kapab afekte moman oswa rezilta operasyon w lan. Yo kominke avèk doktè yo tou pou asire yo gen tout sa yo bezwen pou yo kapab founi w bonjan swen ki asire.

Kesyon yo souvan poze


1. Èske li nesesè pou m fè yon evalyasyon PAT avan mwen fè operasyon an?

  • Non, sa pa nesesè. Sepandan, nou vrèman ankouraje pou tout pasyan yo pwograme yon vizit pou admisyon avan avèk enfimyè evalyasyon alavans nou an, ki pral travay avèk chirijyen w lan ak anestezis ou a pou asire ou pare pou operasyon an ak pou evite tout anilasyon oswa reta nan jou operasyon an dwe fèt la.

2. Kilè yo pwogram enspeksyon PAT a?

  • Yo jeneralman pwogram tès avan adimisyon an ant youn a senk jou avan operasyon w lan. Sa ap pran apeprè 20-30 minit. Sepandan, toudepannde de kantite istorik medikal ou genyen an, sa ka pran mwens oswa plis tan.

3. Kisa mwen bezwen pou m prepare m pou egzamen PAT a?

  • Fè yon lis ki enkli tout medikaman w yo, ansanm ak lè ak chak kilè ou pran yo; istorik medikal ak istorik chirijikal ou; yon lis doktè w yo; non ak nimewo telefòn pou kontakte nan ka ijans; ak moun ki pral kondi w mennen w lakay ou apre operasyon an. sou paye oswa nan telefòn. Si w te fè analiz san, yon EKG, yon tès pou estrès, oswa yon katetetis kadyak pandan ane ki sot pase a, tanpri enfòme enfimyè w la pou yo kapab transfere yo bay depatman PAT a.

4. Ki diferans ki genyen ant yon evalyasyon pre-chirijikal ak yon evalyasyon pòs-chirijikal?

  • Yon evalyasyon pre-chirijikal se yon vizit medikal avèk doktè swen prensipal ou a oswa avèk yon espesyalis pou konfime ou ase an sante pou fè yon operasyon.
  • Se yon enfimyè pou evalyasyon alavans ki fè yon evalyasyon PAT. Enfimyè a travay avèk chirijyen w lan ak anestezis ou a pou yo kolekte tout enfòmasyon ki nesesè pou operasyon w lan, ansanm ak tès pre-chirijikal ak evalasyon avèk doktè w yo, ansanm ak istorik medikal ou.


Referans: Tès avan admisyon. (n.d.).  Yo rekipere li nan https://www.honorhealth.com/medical-services/surgery-services/pre-admission-testing